Èske w te konnen majorite peyi nan kontinan Amerik la pale Espanyòl?
Bon, men yon lòt kesyon ki pi fasil toujou, men ou ka twouve ki chokan anpil, èske w te konnen li ka pi fasil pou ou pou w jwenn yon travay Etazini si w konn pale Espanyòl tou? (N’ap esplike w plis sou rezon ki fè sa a anndan kou a, men annatandan si w pa kwè nou, rele yon zanmi w k’ap viv Etazini, epi mande’l si se vre 😃)
Ou gen lontan depi w ap pran kou español, men w pa janm rive gen ase asirans pou w ouvri bouch ou pou w pale ak tout sekirite?
Ou pa poukò w! Gen anpil konpatriyòt Ayisyen k’ap fè fas ak menm pwoblèm nan! Kòm konsekans, gen anpil Ayisyen k’ap viv nan yon sitiyasyon ki difisil anpil nan peyi tankou, Chili, Repiblik Dominikèn, elatriye. Yo pa ka jwenn yon bon travay, yo pa ka pwofite yon seri benefis, e sak pi enpòtan an, yo pa ka esprime yo epi defann dwa yo.
Nan Diedo Academy, nou pa vle pou menm bagay la rive w, e si w se youn nan moun k’ap soufri paske konesans ou sou lang Espanyòl la limite, nou vle ede w sòti nan move enpas sa.
Se sak fè nou deside kreye yon “mega kou” pou’n ka ede w. Nou di se yon mega kou paske, kontrèman ak kou Diedo Academy yo ki gen nèf chapit, kou sa a gen VEN chapit! Wi jan w tande a, Nou deside kreye kou konsa kote nou asire nou lè w fini l ou ka pale SAN PWOBLÈM! Ou pa p jwenn kou konsa nan pri sa a OKENN kote ankò a, e sak pi enpòtan an, li pa chè epi w ka pran’l kèlkeswa kote w ye a nan pwòp vitès pa w. Anplis de sa, N’ap ba ou aksè ak yon seri gwoup prive kote w ka poze nou kesyon regilyèman.
Finalman, Nou ap ofri w seyans pratik pèsonèl an dirèk pou nou ka asire nou w’ap pwogrese byen nan kou a!
Non! Jan nou te di w sa, ou pa poukò w!
N’ap tann ou nan kou a jodi a menm 😀!